🌺 Bonjou Fanm Natirèl – Edisyon Espesyal pou Fanm ki Ansent

Ou se sous lavi. Chouchoute tèt ou natirèlman.

Bonjou bèl fanm!
Si ou ansent kounye a – ke se premye mwa ou oswa ou sou wout pou akouche – ou pa poukont ou. Nou la pou mache ak ou, chak semèn, ak konsèy natirèl pou w santi w pi kalm, pi nourri, ak pi konekte ak ti pitit ou.

🥣 Manje Natirèl Pou Kenbe Enèji w Epi Fè Bebe a Fèt Byen

Chwazi manje ki bay fòs san wout grès:

  • Zaboka – Bon grès pou devlopman sèvo tibebe.

  • Lwil Oliv – Mete l sou salad, bon pou kè ou.

  • Bannann mi ak patat – Bon sous enèji, fib ak fè.

  • Pwa nwa oswa pwa kongo – Anpil fè ak pwoteyin natirèl.

  • Bètrav – Ede ranfòse san ou.

  • Ze bouyi chak jou – Bon pou po tibebe ak ògĂ n enteryè.

👩🏽‍🍳 Idantite Ayisyèn nan asyèt ou a: eseye manje 1 plat tradisyonèl chak semèn tankou mayi moulen ak legim natirèl.

🍵 Bwason Ki ede Manman an Natirèlman

  • Te fey sitwon + jengab + myèl – Soulaje vomisman, kalme lestomak.

  • Dlo kokoye fre – Kenbe kò w idrate, espesyalman pandan chalè.

  • Te fey chadèk (si doktè ou dakò) – Bon pou fè po tibebe a klere.

🍼 Evite bwason gazez oswa ki gen anpil sik — yo ka bay gonfleman, fatige, epi afekte dòmi ou.

😴 Dòmi se medikaman natirèl ou – pa neglije l

  • Mete yon zòrye anba jenou w lè w kouche sou bò gòch – ede sikilasyon san.

  • Evite telefòn oswa limyè ble 30 min avan dòmi.

  • Fè yon ti twalèt ak dlo tyèd pou kalme tèt ou.

🕯️ Yon ti priyè, meditasyon oswa respire fon ap ede ou domi pi byen.

🧘🏾‍♀️ Ti Pratik Pou Kò w ak Lespri w Chak Jou

  • Ti masaj ak lwil kokoye sou vant ou chak swa. Sa ede ak gratèl epi konekte ak tibebe a.

  • Afimasyon chak maten devan glas la:
    "Mwen se limyè, mwen se fòs, mwen ap grandi bebe ak lanmou."

  • Pran solèy chak jou – 10 a 15 min ka amelyore vitamin D

🧴 Ti Pwodui Natirèl Ou Ka Itilize Pandan Grosès

Pwodui

Itilizasyon

Lwil Kokoye

Pou po sek, gratèl, oswa masaj vant

Lwil Zaboka

Pou masaj ren oswa ranfòse cheve

Te Jenganb

Kont vomisman, soulaj lestomak

Siwo myèl ak sitwon

Kont gòj fè mal, iminite

Dlo flè zoranj

Pou detann tèt ou – mete nan beny oswa pad twalèt

✨ Pawòl Jounen an

"Mwen ap grandi pi bèl kado lavi a. Mwen merite lanmou, rekonesans, ak lapè."

💌 Pwochen Edisyon ap pote:

  • Remèd kont doulè ren ak janm gonfle

  • Woutin chak semèn pou prepare kò ou pou akouchman

  • Ki lwil esansyèl ki bon pou ou – e kiyès pou evite

👉🏾 Abònman pou w pa rate li: https://www.bonjoufanmnatirel.com/

Bonjou Fanm Natirèl se pa doktè – nou se zanmi ou, ak fanm ki ap fè rechèch pou pote lanmou, konesans ak limyè.
Si ou renmen sa, pataje ak lòt manman oswa fanm kap tann mirak pa yo 💛